An afè pa dòmi di.
Anmèdan gen remèd.
Antre nan batay san baton.
Ayiti se tè glise.
Bat chen-an tan mèt li.
Bèf pou wa, savann pou wa, ya demel yo.
Gade pa boule je.
Gade pa pwazon (de Pèlen tèt).
Jwèt se jwèt, kròchèt pa landann.
Lè ké ti poul kontant, malfini ki déyè-l.
Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
Lè-w mouri, ou pa pè santi.
Lè wap manje ak diab, ou kenbe fouchèt ou long.
Li se kouto de bò.
Mache chèche pa janm dòmi san soupe.
Makak pa jwe ak tig.
Mete chat veye mantèg.
Moun ki manje piti tig pa dòmi di.
Nan mal, nan mal nèt.
Pa konen pa al lajistis.
Pawòl anpil, machwè gonfle.
Ou Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.
Se lè-w pile chen, ou konn si li konn mòde.
Si chen rakonte-w sa li we, ou pap janm mache nannwit.
Zanmi pre se zanmi kòd anba bra